Aktivatè Chanjman

par | Mar 4, 2023 | Uncategorized | 0 commentaires

Mooc Aktivatè chanjman se yon pwogram fòmasyon anliy ki ap disponib youn oubyen de fwa chak ane selon sikonstans yo.

Pwogram fòmasyon sila vize fòme tout moun ki swete akonpanye timoun nan reyalizasyon pwojè ki kapab gen enpak ekonomik ak sosyal nan kominote yo oubyen pwojè ki vize rezoud youn nan pwoblèm ki gen rapò ak ODD yo.

PIBLIK SIB
Pwofesè lekòl, edikatè, lidè kominote ki ap travay ak timoun tout moun ki swete angaje yo nan ede timoun yo devlope potansyalite yo.

SA OU AP BEZWEN POU OU SUIV FÒMASYON SILA A?
1. Yon aparèy entelijan ki konekte ak entènèt
2. Yon adrès imel pou louvri yon kont
3. Disponibilite 3h tan pou vizyone videyo yo epi reyalize egzèsis yo.

SA M AP BENEFISYE?
1. Jwenn yon sètifika patisipasyon
2. Vini yon anbasadè pwogram DEFI MWEN KAPAB LA
3. Vini yon benevòl/ òganizatè pwogram Defi mwen kapab la.

MODIL FÒMASYON YO
1. Timoun yo kapab
– Mizan kontèks estatistik sou kantite timoun, kijan pwoblèm yo touche timoun yo
– Montre kapasite timoun yo pou yo aji
– Temwanyaj ak etid ka

2. Defi mwen kapab
– Filozofi DFC lan (4 etap yo)
– Pwogram yon semèn
– Pwogram Yon mwa
– Kèk trik ak astis pou bon jan aplikasyon pwogram yo

3. PATAJE
– Fè foto / videyo seyans yo (Bon pratik)
– Montaj foto oubyen konpilasyon videyo
– Voye videyo yo bay ekip PEPCHA
– Poste videyo yo sou platfòm mondyal la a.

4. Bank resous
– Telechaje sètifika patisipasyon an
– Dokiman travay yo DFC yon semèn ak yon mwa
– Dokiman konsantman paran
– Dokiman pou anime seyans yo (kat pou sekretè, kontwolè tan…)
– Kondisyon itilizasyon dokiman yo.

0 commentaires

Soumettre un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *